Tania Ligondé, manadjè Djakout#1 nan, demisyone

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
Par Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste  - Rédacteur
tania ligondé, manadjè djakout#1 nan, demisyone (1)

Nan yon nòt ki pibliye jodi 31 mas lan sou paj Facebook Djakout #1 ak kont tweeter li , Tania Ligondé anonse demisyon li kòm manadjè nan tèt gwoup la .

Apre 25 lane li pase ap kolabore ak Djakout Mizik epi Djakout #1 ,Tania Ligondé fè yon kraze kite sa . Nan dokiman sa Tania Ligondé ki te fè pati gwoup manadjè Djakout #1 nan,  depi kreyasyonl apre divizyon Djakout Mizik fè konen li pral eseye leve lòt defi . Nan nòt lan li mande manb gwoup yo pou yo kontinye travay ansanm nan respè youn pou lòt.

Ansyen manadjè a remèsye tout kolaboratè ak mizisyen ki te pèmèt Djaz la mache nan peryòd li te prezan . Li menm remèsye kèk atis tankou Shabba ak Ti Regi ki te al fè djazz pa yo . Ansyen manadjè a site anpil non nan remèsiman san li pa mansyone Steeve Khe ki te chante plizyè mizik pou djaz la .

Tania remèsye fanatik yo , pwomotè yo ak media ki patisipe nan mete Djakout#1 kote li ye jodia .

Si ansyen manadjè a dil te pran plezi nan viv eksperyans sa li pap janm bliye epi santil onore pou te pote sipòl nan fanmi Djakout la, yon lòt kote li prezante eskiz li dèskel pat rive kenbe gwoup la ini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média