Anviwònman : Koupe pye bwa ak zafè banditis lakòz plizyè zòn nan peyi a ap fè fas ak yon rate dlo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
anviwònman koupe pye bwa ak zafè banditis lakòz plizyè zòn nan peyi a ap fè fas ak yon rate dlo

Depi dènye ane sa yo peyi d Ayiti pèdi tout koulè l. Se pa sèlman lafimen kawoutchou k ap boule ki koz sa, men tou an rezon moun k ap koupe pye bwa toupatou sou teritwa swa pou fè chabon, mèb ak poto, elatriye.

Deforestasyon teritwa a gen anpil vye konsekans sou anviwònman an, pami yo sechrès. Wi, plizyè zòn nan kèk depatman nan Gran Sid ak Gran Nò epi Lwès peyi a ap fè fas ak yon rate dlo san parèy an rezon pa genyen pye bwa ki pou konsève frechè nan tè a ak sous yo. San konte pa reyèlman genyen kreyasyon rezèv atifisyèl kòm plan sekou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan Grandans, Okay, kèk tan oparavan Benè, Twen, Kòniyon, nan Plenn nan, Kabarè, patikilyèman nan Ti Gonmye, Twou di Nò, Sen Michel, pou n site sa yo sèlman, jwenn dlo alèz pa yon ti kal zafè. Lapli pa tonbe (prèske), mete sou sa nan zòn kote moun fouye pi yo pa gen dlo, oubyen se anba anpil jefò pou yo jwenn kèk bokit oubyen galon dlo pou yo sèvi ak nouri bèt.

Kòm konsekans tèt mòn yo ki fin debwaze a, pa reyèlman gen kote pou moun ak bèt jwenn lonbray pou repoze yo, gen sechrès, epi plantasyon kiltivatè yo nan plizyè zòn andeyò kou nan vil la mouri.

Lòt pwoblèm ki poze sou tab la, apa fenomèn deforestasyon an, se aktivite banditis ki vin rann sitiyasyon an pi mangonmen.

Depi dènye mouvman pwotestasyon politik yo, bandi anpeche machin antre pou al livre dlo (potab) nan kèk katye zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, konsa tou nan kèk andeyò. Anplis sa, patikilyèman nan Nò teritwa a, nan Latibonit, bandi gen kontwòl danre ak angrè peyizan yo, epi tou yo souvan vòlè rekòlt ak zannimo yo, sitou bandi gang Gran Grif yo k ap opere nan Savyen ak zòn ki anviwonnen l yo.

N ap raple POHDH, ki se Plateforme des organisations des droits humains, te deklare 22 mas pase a nan okazyon jounen mondyal dlo, « 80% rivyè nou yo sèch, epi tiyo yo pa pa fonksyone non plis ». Estrikti a, pami kèk lòt, pat met dlo nan bouch pou te denonse otorite yo ki rete bèkèkè ap gade sitiyasyon an k ap deteryore.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.