Tansyon-Grèv : Moun Okap desann drapo bikolò a epi ranplase l ak nwa e wouj la sou plas Vètyè a

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
tansyon grèv moun okap desann drapo bikolò a epi ranplase l ak nwa e wouj la sou plas vètyè a

Vil Okap reveye byen bonè maten lendi 29 janvye a anba yon gwo tansyon. Anplis 3 jounen grèv yo ki te anonse a, lari Okap chofe tankou vè lanp. Pati politik Pitit Desalin ki gen nan tèt li ansyen senatè Moïse Jean Charles ak ekip li foule beton an pou egzije Ariel Henry kite tèt Primati an epi aji avèk anpil emosyon.

Nan kad mouvman sila, plizyè barikad te enstale nan wout yo, kawotchou t ap boule nan sousi pou entèdi tout kalite sikilasyon pandan pasaj pwotestatè yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè pawòl piman bouk te pran klewonnen pandan mouvman revandikasyon sa. Manifestan yo te pran direksyon plas Vètyè a nan Okap, yo desann drapo bikolò ble e wouj la, yo monte nan plas li ansyen drapo peyi a nan lane 1800 yo, drapo nwa e wouj la.

“Nou fè jès sa paske se drapo ENDEPANDANS nou, se li ki te ban nou limyè. Pitit Desalin yo, li lè pou nou jouke Ariel ak tout blan meriken, blan kanadyen ak blan fransè parèy li yo”, deklare youn nan manifestan yo, nan yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, espesyalman sou Facebook.

“Mouvman pwotestasyon yo ap kontinye”, daprè sa ansyen senatè Nò a Moïse Jean Charles fè konnen nan mikwo laprès pandan gran sòti sa. Ansyen majistra Milo pandan 3 fwa a raple, depi lapolis kanpe kont mouvman sa epi tire sou pèp la, y ap fèmen vil la ni anwo, ni anba, epi pwomèt gwo dega.

https://www.facebook.com/share/v/EwoVZsenUMdi84k9/?mibextid=jmPrMh

 

Credit Video: Nouvelle Gazette

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.