Tchadensky Jean-Baptiste, yon etidyan Lekòl Nòmal Siperyè nan Inivèsite Leta, rive rann dènye souf li nan lopital, aprè li te fin resevwa yon bal nan ri Channmas jounen madi 21 mas 2023 a. Plizyè kamarad defen an t ap mande don san pou li sou rezo yo, avan nouvèl trajik sila a.
Tchadensky Jean-Baptiste te antre nan Lekòl Nòmal Siperyè (École Normale Supérieure), nan depatman lèt modèn, li te fè teyat tou. Malgre tantativ pou sove lavi l, li sikonbe anba blesi li nan lopital Médecins Sans Frontières nan komin Taba, jodi madi 21 mas sa a.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon nou an, Tchadensky Jean-Baptiste ki te batay pou rive nan dènye ane etid li, mouri ki te yon timoun.
N ap raple, se pa pou Premye fwa Lekòl Nòmal Siperyè ap pèdi etidyan nan sitiyasyon sila, etidyan Grégory Saint-Hilaire te asasinen andedan Lekòl Nòmal Siperyè nan dat ki te vandredi 2 oktòb 2020 an, pa yon ajan nan Inite Sekirite Jeneral Palè Nasyonal la.
Facebook Comments