Tennis – Frances Tiafoe ap make listwa nan US Open nan

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
tennis frances tiafoe ap make listwa nan us open nan

Tenismann ameriken an, Frances Tiafoe vini premye jwè tenis nwa ki atenn demifinal US Open nan depi 1972 aprè l fin pouse do Rublev nan twa sèt. Yon bèl pakou pou Tiafoe ki ap viv pi bèl moman nan karyè l nan tounwa sila k ap jwe nan peyi l. 

Nan lannwit 9 Septanm nan, Frances Tiafoe pral kwaze ak Carlos Alcaraz nan kad demifinal US Open 2022 a. Se premye demifinal gran chelèm ameriken an pral jwe. Li te elimine Andrey Rublev nan kadefinal (7-6 [3], 7-6 [0], 6-4). Tenismann lan kontinye ekri listwa aprè li te fin fè yon gwo pwason tonbe nan uityèm de final, n ap pale de Rafael Nadal.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi 1972, okenn jwè tenis nwa pa t rive kalifye pou yon demifinal nan tounwa US Open nan. Nan epòk sa, se te Arthur Ashe ki te rive nan dènye kare a. Jounen jodi a, se non l stad k ap resevwa match yo pote, pou dayè se nan Arthur-Ashe Stadium nan Tiafoe pral mezire fòs li ak jèn espànyòl la, Carlos Alcaraz. L ap gen okazyon vanje pou konpatriyòt li, Nadal.  

Frances pèdi yon sèl grenn sèt depi lè US Open nan kòmanse a. Nan menm okazyon an, li vini premye ameriken ki rive nan dènye kare tounwa a depi 2006, nan epòk sa se Andy Roddick ki te atenn stad sa. Tiafoe rete 2 match kapital, si tout fwa li bat Alcaraz, pou li soulve premye tounwa gran chelèm nan karyè li. De tout fason, li gentan fè yon gran pakou. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.