Tès Covid ak vaksen an pa obligatwa ankò pou vwayajè yo, daprè MSPP

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
tès covid ak vaksen an pa obligatwa ankò pou vwayajè yo, daprè mspp

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon Ayisyen (MSPP) an, nan yon sikilè pibliye jodi madi 21 mas 2023 a, fè konnen moun kap vwayaje vin Ayiti, pa bezwen montre yo teste negatif oswa pran vaksen pou Kowona ankò.

Kidonk, ak sikilè sila, MSPP enfòme popilasyon an ak konpayi avyon yo tès negatif COVID oswa vaksinasyon yo pa obligatwa ankò pou pasajè k ap vwayaje an Ayiti.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men Sepandan, Ministè a ensiste pou l fè konnen
mezi sa a ka rekonsidere nenpòt kilè, sa pral depann de evolisyon maladi Korona viris la.

Li enpòtan pou nou note tou, mezi sila pa konsène vwayajè ki ap kite Ayiti pou ale nan yon lòt peyi, men pito yon vwayajè k ap kite yon peyi pou vini Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.