Thomas Tuchel anvizaje fè Mason Mount rejwenn li nan Bayern Munich

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
thomas tuchel anvizaje fè mason mount rejwenn li nan bayern munich

Nouvo antrenè Bayern Munich lan, Thomas Tuchel, genyen lide pou l ta fè mitan tèren Chelsea an, Mason Mount, rejwenn li nan chanpyona alman an sezon k ap vini daprè jounal Times.

Antrenè alman an ki apèn genyen yon semèn depi l retounen nan Bundesliga a, anvizaje fè mitan tèren anglè an vini nan Bayern Munich aprè bèl kolaborasyon yo te rive tabli nan ekip Chelsea an, sitou nan sezon Lig dè Chanpyon 2021 an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Thomas Tuchel ki ranplase Julian Nagelsmann dirijan Bayern yo ta pral revoke semèn ki sot pase a, kòmanse mete sou pye plan li genyen pou Bavawa yo kote fè Mason Mount rejwenn li pami priyorite li yo pou mèkato k ap vini an.

Pou boukle operasyon sa, dirijan Bayern Munich yo kapab pwofite de sitiyasyon jwè anglè 24 lane an ki pa gen yon plas titilè nan ekip Chelsea an sezon sa epi ki gen kontra l k ap fini ak klèb londonyen an pandan ete k ap vini la.

Sitiyasyon ekonomik Chelsea an kapab favorize transfè sa, egalman kote klèb la sòti nan yon mèkato fou avèk yon pakèt lajan ki depanse nan achte jwè. Pou reponn ak egzijans Fair play finansye yo, klèb londonyen an pral oblije vann kèk nan eleman enpòtan li yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.