Trafik ayeryen nan New-York ralanti akoz yon lafimen ki kreye gwo panik

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
trafik ayeryen nan new york ralanti akoz yon lafimen ki kreye gwo panik

Estati Libète a ak syèl Manhattan lan kouvri ak bwouya aprè yon dife sovaj ki ta mete gwo enkyetid nan Quebec. Pou pi piti 8.5 milyon moun nan vil New York gen difikilte pou respire byen akoz evantyèl evolisyon ensandi sila depi peyi Canada.

Administrasyon Avyasyon Federal la ki kontwole trafik ayeryen an te anonse tou nan kòmansman aprèmidi 7 jen an vòl k ap soti epi k ap rantre New York yo ralanti akoz prezans twòp lafimen nan rejyon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mask COVID yo retounen pou pi bèl nan peyi Tonton Sam, sitou nan lari Manhattan, Brooklyn ak Queens.

Depi kòmansman semèn lan, otorite nan vil ak Eta New-York yo te deja kòmanse miltipliye mesaj alèt nan tout rakwen yo, mete sou distribisyon mask yo ki pa sispann jiska jodi mèkredi 7 jen an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.