Messi mete l dakò ak ekip Inter Miami an

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
messi mete l dakò ak ekip inter miami an

Daprè plizye sous : l’Equipe , The Athletic, RMC Sport epi Fabrizio Romano, Messi siyen yon kontra pou 2 sezon ak klèb David Beckham lan, Inter Miami, kote l pral touche 50 milyon ewo chak sezon. Yon desizyon ki montre a klè ansyen jwè PSG a p ap fè menm wout ak Benzema jan tout moun te panse l la.

Pakou Messi fini an ewòp. Aprè yon pasaj difisil nan PSG, chanpyon mondyal 2022 a pran wout MLS la kote l pra l jwe nan Inter Miami pou 2 sezon. Kidonk, Messi pa p tounen nan FC Barcelone, ni al jwe nan peyi Arabi Sawoudit pou klèb Al-Hilal la ki te ofri l 400 milyon ewo pou 2 sezon. Nan yon ti tan ki pa twò long, Messi ap bay plis eksplikasyon sou chwa sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè 2 sezon nan PSG, Messi ta dwe pote mayo ekip Inter Miami an pou 2 sezon kote l ap touche 50 milyon ewo chak ane daprè sa jounalis Guillem Balargue fè konnen jodi mèkredi a.

Nan sa ki gen pou wè ak peyi Arabi Sawoudit, jounal l’Équipe fè konnen fanmi Messi pa t santi y ap alèz pou yo viv lòtbò a. Menm sous sa te kontinye pou l di Messi pa fè chwa Barcelone lan paske relasyon li ak prezidan an, Joan Laporta, pa fin twò bon.

Lionel Messi kite ewòp aprè 2 move sezon li fin fè ak Paris Saint-Germain ki te achte l pou ede l ranpòte Lig dè Chanpyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive