NETALKOLE

Trafik gaz ilegal : Plizyè Ayisyen pase yon move moman anba chaplèt militè lame Dominiken 

Vandredi pase a, militè yo nan Lame Nasyonal Dominiken an devye yon tantativ trafik gaz illegal sou tèritwa yo a, divès Ayisyen ki pran plezi yo achte gaz nan peyi Sendomeng epi transpòte yo vin vann nan peyi Dayiti, te rekonèt yon move moman anba men mesye lame yo. Pandan ensidan sa ki te fèt nan pwovens fwontyè Dajabón nan, Sòlda dominiken yo te atake Ayisyen sa yo, men pa t gen arestasyon, selon sa jounal dominiken an Listen Diario rapòte. 

Jounal la ki te ekri yon atik sou sitiyasyon an fè konnen.  » Otorite militè yo te pran Ayisyen sa yo pandan yo tap eseye pran gaz nan yon estasyon gaz ki chita sou teritwa dominiken an, pou vin vann isit an Ayiti. Lè twoup militè yo te eseye sispann yo, yo te reziste. Sa a te lakòz yon gwo panik sou joupa peyi vwazen an. 

Akòz prezans plizyè inite fòs lame dominikèn nan, kontrebandye ayisyen sa yo ta pral blije abandone tout konntenè yo te genyen nan men yo ansanm ak machin ki tap gen pou fè vwayaj la ak yo a. Pou pi piti 15 rezèvwa te sezi pandan operasyon an, ki gen ladan; 5 ki te plen epi 10 ki te vid. 

Lajistis repiblik vwazen Ayiti a te toutswit louvri yon ankèt sou ensidan an, nan sousi pou konnen tout longè Aktivite sa Ayisyen yo ap mennen nan peyi yo a. 

Jounal la kontinye pou l di, te gen yon patwouy lame ki te salopete mesye yo anba gwo kout chaplèt, pandan menm yo tap eseye ravitaye nan estasyon minisipal Dajabón nan. 

Se yon pratik ki sanble pa twò etranj pou Ayisyen yo nan peyi Sendomeng, si n ta kwè yon sitwayen Ayisyen ki abitye fè antre soti nan peyi a. Nan zòn sa ki rele Dajabón nan, plizyè santèn ayisyen te rasanble nan youn nan estasyon sèvis li yo pou chèche oswa gazolin oubyen dyezèl, pou vin revann yo an Ayiti. Kisa ankèt yo pral deside kont Ayisyen yo ? 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 de 1 155

Laisser un commentaire