UEFA chwazi peyi k ap gen pou òganize Euro 2025 bò kote medam yo

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
uefa chwazi peyi k ap gen pou òganize euro 2025 bò kote medam yo

Prensipal enstans k ap dirije foutbòl la sou kontinan ewopeyen an, UEFA, chwazi jodi madi an Laswis kòm peyi ki pral gen pou òganize 14èm edisyon Euro fanm yo pou ane 2025 k ap vini la.

Inyon ewopeyèn foutbòl lan (UEFA) ofisyalize jodi 4 avril lan non peyi k ap gen pou òganize Euro Fanm lan. Pami kandida yo, se finalman Laswis ki pral gen pou akeyi evènman sa pou yon premye fwa nan istwa l.

Lafrans ki te pati kòm prensipal favori pou òganizasyon konpetisyon sa k ap gen pou fèt ete 2025, pèdi opòtinite sa menm jan ak Polòy epi peyi 4 nòdik yo, Dànmak, Laswèd, Finlann ak Nòvèj ki te mete tèt yo ansanm pou kandida.

Laswis ki t òganize nan tèt kole ak Otrich Euro 2008 gason yo, ap prepare l pou akeyi nan anviwon de lane ankò konpetisyon sa bò kote medam yo kote 16 nasyon foutbòl ewopeyen an pral gen pou patisipe sòti mwa jwen pou rive jiyè 2025.

N ap raple, dènye peyi òganizatè an se te Angletè nan lane 2022 ki sot pase an e ki se chanpyon an tit lan avèk viktwa yo nan konpetisyon sa k ap pran plas chak jou pi plis nan foutbòl ewopeyen an. Pasyone foutbòl fanm yo deja kase randevou nan peyi Laswis an 2025.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.