UNICEF bay Gran Sid la plizyè moto ak machin pou ranfòse edikasyon timoun yo

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
unicef bay gran sid la plizyè moto ak machin pou ranfòse edikasyon timoun yo

Nan lide pou amelyore aksè ak edikasyon timoun yo nan Gran Sid peyi a, ki te touche pa yon tranbleman tè 14 dawout 2021 pase a epi ki te lakòz anpil dega, Fon Nasyonzini pou Anfans (UNICEF) fè don omwen 154 veyikil ak sistèm edikatif ayisyen an.

Nan dat vandredi 31 mas pase a, UNICEF bay omwen 150 moto ak 4 machin nan Gran Sid la, se sa nou aprann. Veyikil sila yo, se Direksyon depatmantal Grandans, Nip ak Sid ki resevwa yo. Yo pral pèmèt enspektè yo deplase pi rapid epi fasilite sipèvizyon lekòl yo fèt pi byen.

UNICEF rapòte li fè don sila nan kad yon koperasyon ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan lide pou ranfòse ak amelyore sistèm edikatif ayisyen an nan Gran Sid peyi a, kote plizyè lekòl te kraze oubyen andomaje aprè pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Seremoni remiz kle yo te fèt nan Okay (Sid), nan prezans reprezantan adjwen UNICEF la, M. François Kampundu, plizyè kad MENFP ak sila ki benefisye don an, pami kèk lòt enspektè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.