Rektora Inivèsite Leta a mande liberasyon de medsen rezidan lopital jeneral yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
rektora inivèsite leta a mande liberasyon de medsen rezidan lopital jeneral yo

Nan yon nòt pwotestasyon ki pote dat 4 avril 2023, Rektora Inivèsite Leta a denonse zak kidnapin ki fèt sou Doktè Junior Daris ak Emmanuel Joseph dimanch 2 avril ki sot pase a nan Dèlma 75 epi mande liberasyon yo san kondisyon, prese prese.

Nan nòt sa ki pibliye sou rezo sosyal yo ayè madi an, Rektora a kondane anlèvman de medsen rezidan Lopital jeneral sa yo ki t ap prepare pou prezante tèz fen etid yo nan kad espesyalizasyon yo nan Medsin entèn.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Rektora inivèsite Leta a di li kondane ak tout fòs li zak sa ki frape yon fwa anplis kominote inivèsite a pandan l eksprime soutyen l ak fanmi viktim yo, kòporasyon medsen yo epi tout rezidan Lopital jeneral yo.

Fas ak sitiyasyon sa k ap vin pi grav chak jou pi plis nan peyi a, Rektora a kwè li lè li tan pou gen yon fren nan fenomèn sa k ap ravaje fanmi yo an Ayiti ki pa kapab ankò. Sou twa premye mwa nan ane a, plis pase 300 ka kidnapin resanse an Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.