UNITECH demanti enfòmasyon ki fè kwè yo kidnape 7 etidyan nan Inivèsite a

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
unitech demanti enfòmasyon ki fè kwè yo kidnape 7 etidyan nan inivèsite a

Inivèsite Teknoloji d Ayiti (UNITECH) nan yon nòt pou laprès pibliye ayè Dimanch lan, demanti enfòmasyon k ap sikile ki fè kwè yo kidnape 7 etidyan Inivèsite a pandan yon seremoni gradyasyon. Daprè entitisyon an, se 2 moun ki te sou wout pou vini nan yon seremoni gradyasyon nan Inivèsite yo te kidnape.

Rektè Inivèsite a, Josselin Val, demanti enfòmasyon ki di yo kidnape ayè Dimanch lan, 7 etidyan ki ta dwe gradye nan UNITECH.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Inivèsite Teknoloji d Ayiti (UNITECH) fè konnen nan moman yon seremoni gradyasyon dimanch 26 mas 2023 sa a, 2 machin ki t ap pase Avni N, te kidnape de (2) moun sou twotwa, daprè temwen yo, se te 2 envite nan seremoni kouwònman premye sik inivèsite a », nou kapab li nan nòt la, tout pandan li fè konnen tou yon ofisye sekirite UNITECH ki te tire sou machin kidnapè yo pou yo te eseye anpeche kidnapin la te blese grav, epi li nan yon kondisyon kritik.

Se sak fè, Rektè inivèsite a, Josselin Val mande otorite ki anplas yo pou yo monte nan wotè fonksyon yo pou yo ka abòde pwoblèm ensekirite k ap detwi sosyete Ayisyèn nan chak jou k ap pase.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.