Daniel Darius (Fantom) met respè devan non sa

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
daniel darius (fantom) met respè devan non sa

Daniel Darius, anpil moun konnen sou non rapè li Fantom, ki fèt yon 26 mas 1981, pa sispann kreye bagay nouvo nan biznis lan, aprè dènye kolaborasyon l ki soti jodi 26 mas la « Tanperaman m », Onorab la rekonèt kòm youn nan atis ki reyalize plis pwojè ak jenn atis yo nan plizyè tandans diferan epi ki enpoze l nan fason pa li.

Fantom grandi nan lari Magloire Ambroise, Saint-Honoré, Nicolas, etid li yo fèt nan plizyè lekòl tankou, Oswaldvo Bobo, Adrien Brothers, Les normaliens ansanm ak IEU ak Roussan Camille. Se depil ti kat kat l ap entegre l nan mizik, depi a 13 lane li te koumanse pouve konpetans li nan yon gwoup ki te pote non D-Camp ak S.O.S. Aprè rankont li ak menntò li K-tafal, li pral finalman entegre yon gwoup ki toujou kenbe kòm yon eritaj, Barikad Crew.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Youn nan rapè Ayisyen ki chaje ak gwo non nan biznis lan epi ki ret konsidere kòm yon anperè nan mouvman an, malgre konpòtman sinik anpil fanatik konstate ki manifeste lakay li souvan, yo rele l « nèg kò vè a », hit li yo pa sispann fè bandwòl ak eslogan li « Ou pa renmen l vre ». L ap difisil pou w ap evalye rapè ki reyalize plis albòm solo, pou w pa mansyone Fantom nan tèt lis ou, si n ta pran site « Salute vol 1 », « Salute vol 2 », « Salute vol 3 », « Men nonm nan », « Reyenkanasyon », « Pwen final » elatriye… Nou pap fini, san bliye albòm li reyalize ak gwoup chouchou li a BC,

Fantom se yon fanatik fou defen K-tafal, Doc Filah, Brezil, Los Angeles Lakers, Ronaldo ak Kobe Bryant, Fantom se yon fanatik jwèt videyo, yon pwodiktè apranti epi yon antreprenè.

Fantom rete sèl atis maskilen ki gen plis kolaborasyon ak fanm nan HMI la, sitou lè yo apenn ap derape, pami sa ki pi enfliyan yo nou ka site Bedjine, Rutshelle Guillaume, Misty Jean poun nonmen sa yo sèlman.

Rapè a se yon animatè tou ki gen pwòp estidyo pa l, « Tapajè Records ».

Dèyè defo Fantom yo chaje ak kalite ki edel kenbe konsistans li nan lavi a, menmsi kritik yo pa sispann tounen kont li, sila yo ki pa renmen franchiz li pafwa ak awogans li, rapè a rete apresye chak jou nan kè moun ki konnen l yo ak moun ki fonksyone ak li yo, sitou nan domèn li renmen an, rap kreyòl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.