Universal Music deside retire tout mizik li yo sou TikTok

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
universal music deside retire tout mizik li yo sou tiktokh

Universal Music Group, youn nan pi gwo labèl mizik ki gen nan mond la, deside siprime tout mizik li yo sou TikTok. Ta sanble gen yon dezakò ant jeyan endistri mizik la ak rezo sosyal Chinwa a.

Si w anvi sèvi ak yon mizik yon atis ki siyen ak Universal Music Group pou w fè videyo TikTok, sa p ap posib. Labèl la deside siprime tout mizik li yo sou platfòm nan. Kidonk, okenn mizik yo pa disponib sou aplikasyon an apati koumansman mwa fevriye a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Majò nan endistri mizik la pa pran desizyon an konsa konsa. Li estime TikTok ap “eseye konstwi yon antrepriz ki baze sou mizik pandan l p ap peye mizik la pou valè l merite a”. Rezo a pa bay atis yo ansanm ak otè-konpozitè yo ase lajan pou pwodiksyon yo.

TikTok riske pèdi yon gwo moso si labèl la pa tounen sou desizyon l, se yon bann gwo kokennchenn atis ki p ap gen mizik yo sou rezo a ankò. Nou ka site : Drake, Rihanna, Kanye West, The Weeknd, SZA, Taylor Swift, Nicki Minaj, Eminem ak anpil lòt ankò.

Rezo sosyal Chinwa gen plis pase yon milya moun k ap itilize l. Men li reprezante sèlman 1% nan chif afè Universal Music.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.