Sou kesyon difikilte ki genyen pou transpòte pwodui petwolye yo nan vil pwovens yo depi repriz aktivite yo nan Varreux, Prezidan ANAPROSS lan, Marc André Dériphonse, fè konnen aktivite sa vin pa rantab akoz ensekirite ki genyen nan peyi an prensipalman.
Prezidan Asosyasyon nasyonal pwopriyetè estasyon sèvis yo, Marc André Dériphonse, apiye l sou difikilte ki genyen pou kamyon sitèn yo sòti nan Tèminal Varreux pou alimante rejyon Nò ak Sid peyi a ki depi kèk tan sou kontwòl gwoup ame k ap enpoze lwa pa yo.
Dirijan ANAPROSS la pran an konsiderasyon egalman limit pwofi pwopriyetè estasyon sèvis yo sou pwodui petwolye yo ki vin rann aktivite sa mwen rantab konpare ak peryòd avan yo. Leta ayisyen te pran desizyon pou retire sibvansyon yo te konn bay pou gaz la.
Fas ak pwodui petwolye yo ki toujou poko kapab disponib nan vil pwovens yo depi repriz aktivite yo nan Varreux, Marc André Dériphonse avèti otorite nan Leta yo sou risk ki genyen pou sitiyasyon sa ta vin pi grav e dire pi lontan si toutfwa gouvènman an pa ta fè anyen.
N ap mansyone, Minis komès la, Ricardin Saint Jean, te fè yon entèvansyon sou sitiyasyon sa k ap devlope nan rejyon metwopolitèn lan prensipalman pou bay garanti ak popilasyon an pa gen okenn rate gaz sou mache lokal la.
Facebook Comments