Direktè Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) di li pa genyen pyès enfòmasyon ki fè kwè ansyen premye minis ayisyen Laurent Salvador Lamothe ta genyen lyen avèk bandi, kontrèman ak jan gouvènman kanadyen an fè konprann li a.
Nan yon entèvyou li bay jounal kanadyen Global Mial, Pierre Espérance di l pa gen okenn enfòmasyon sou lyen ki genyen ant ansyen premye minis Tèt Kale a ak gang, epi li pa janm tande M. Lamothe ta genyen men l tranpe nan zafè krim òganize.
Pierre Espérance fè deklarasyon sila yo nan moman ansyen dirijan an, pami plizyè lòt pèsonalite, site kòm moun ki enplike nan koripsyon, trafik dwòg ak finansman gang an Ayiti.
“Mwen pa janm ni wè ni tande li te enplike nan zafè gang”, se deklarasyon Pierre Espérance. Li menm ki pa janm rate yon okazyon pou denonse gang yo ak tout men k ap finanse yo nan peyi d Ayiti.
N ap raple, genyen yon dizèn pèsonalite ki deja tonbe anba sanksyon peyi sila yo nan dosye sa, se ka Berto Dorcé, Listz Quitel, Youri Latortue, Joseph Lambert, Gary Bodeau, Rony Célestin, Hervé Fourcand, Michel Joseph Martelly, Laurent Lamothe ak Jean Henry Céant. Lèzetazini ak Kanada repwoche yo genyen men tranpe nan move zafè.
N ap raple pi fò nan konsène yo, suit ak akizasyon yo gen sou do yo, pran lapawòl pou deklare yo inonsan, y ap sal imaj yo. Men Lèzetazini ak Kanada deklare yo gen bon jan dokiman ki pwouve moun sila yo nan sak pa sa pa bò isit an Ayiti. Toutfwa yo deklare se gouvènman ayisyen an ki pou pran desizyon final la kont sanksyone yo.
Facebook Comments