Vèrèt : gang ak zam enstale yo epi lage abitan yo nan kouri.

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
vèrèt gang ak zam enstale yo epi lage abitan yo nan kouri.

Bandi ak zam fann fwa ki fè pati manm,  « baz gran grif » ki ap opere nan lokalite Savyen, nan Komin Ti Rivyè, nan depatman Latibonit, enstale yo depi kèk tan nan Vèrèt, kote ayè madi 21 fevriye 2023 a, yo simaye latwoublay nan lokalite sa a, yon sitiyasyon ki te lakòz plizyè santèn fanmi  kouri kite kay yo, pou evite atak gang sa yo.

Aprè bandi ak zam sa yo te fin etenn souf 7 polisye nan Komisarya Lyankou a nan mwa janvye ki sot pase a, yo te tou enstale yo nan Komin Vèrèt, nan depatman Latibonit, kote plizyè zòn nan lokalite sila a anba kontwòl yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè plizyè imaj ki ap sikile sou rezo sosyal yo, gang sa yo ap simaye latèrè nan Vèrèt, kote yo ap antre kay moun yo, volè, piye epi apre yo mete dife nan kay moun ki rete nan kèk lokalite. 

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn ekip redaksyon an, aksyon sa yo fèt nan plizyè zòn nan Vèrèt espesyalman nan zòn Moje, Dèjaden elatriye. Mete sou sa, bandi « baz gran grif » yo kòmanse ap fè zak kidnapin nan zòn sa yo.

Jounen madi 21 fevriye sa, gang sa yo te kase  plizyè kay ki te bati nan Komin Vèrèt la, nan lide pou yo jwenn moun pou yo kidnape. Yon sitiyasyon latèrè ki pouse plizyè santèn fanmi kouri kite kay yo, yon fason pou yo chape pou l yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.