Prezidan ameriken an, Joe Biden, te anonse 5 janvye 2023 a, posiblite pou ayisyen , Nikaragweyen, Kiben ak Venezyen antre legalman nan peyi Etazini atravè yon pwogram Imanitè pwovizwa ki vize akòde jiska 30,000 pèmi chak mwa. Daprè sa otorite ameriken yo fè konnen, plis pase 26 000 migran ki soti nan 4 peyi sa yo deja rive nan peyi Tonton Sam nan.
Otorite peyi Etazini yo fè konnen depi 17 fevriye 2023 sa a, aprè Prezidan ameriken an, Joe Biden fin fè anons pwogram sa a, plis pase 26,000 Kiben, Nikaragweyen ak Ayisyen antre Etazini legalman.
Daprè done ki disponib yo konsènan Venezyela, soti nan mwa oktòb 2022 rive mwa janvye 2023, plis pase 33,800 moun te resevwa otorizasyon pou vwayaje Ozetazini.
Se sak fè, pou kounye a, otorite Ameriken yo di yo pran tout dispozisyon pou dekouraje imigrasyon ilegal, nan bay plis chans pou moun ki vle antre Ozetazini regilyèman.
N ap raple, 20 Eta repibliken nan peyi Etazini mande pou yo kanpe Pwogram nan, daprè sa yo fè konnen pwogram nan pa legal.
Facebook Comments