Viktwa fasil pou Frantzdy Pierrot avèk Maccabi Haifa

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
viktwa fasil pou frantzdy pierrot avèk maccabi haifa

Nan batay Haifa yo pandan 25èm jounen Premier League izrayelyen an, Maccabi ki gen ladan l entènasyonal ayisyen Frantzdy Pierrot kraze Hapoel, klèb Carnejy Antoine lan (4-1) jodi lendi an.

Nan match sa ki te mete fas pou fas de atakan seleksyon nasyonal ayisyèn lan, rezilta yo fini anfavè Maccabi Haifa ak Frantzdy Pierrot ki kraze Hapoel, lòt klèb Haifa a, (4-1) malgre Grenadye an pa t make.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Frantzdy Pierrot ki te demare kòm titilè nan pwent atak Maccabi an, patisipe nan bèl viktwa sa ekip li an fè sou Hapoel (4-1) ki, bò kote pa l, pa t mete Carnejy Antoine jwe ki te rete sou ban pandan tout match lan.

Nimewo 9 Maccabi an ki te jwe tout 90 minit yo, pa t rive fè tranble jodi lendi an nan laj viktwa sa kote vedèt match la se te Omer Atzili ki ta pral make yon triple epi bay yon pas gòl pou genyen fasilman Hapoel.

Aprè 25 jounen, Maccabi kontinye ap domine Premier League izrayelyen an, kote yo genyen pou kounya 59 pwen, 4 anplis ekip ki swiv li an. Frantzdy Pierrot ak Carnejy Antoine ki te nan fas a fas sa jodia, gen randevou nan fen mwa sa ak seleksyon nasyonal lan pou pwochen match Lig dè Nasyon yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.