Lè nasyonal la ap chanje dimanch 12 Mas

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
lè nasyonal la ap chanje dimanch 12 mas

Lè nasyonal la ap chanje wikenn sa a. Pi presizeman, dimanch 12 mas sa a, apati 2zè nan maten dapre yon nòt pou laprès pibliye pa Sekretarya prezidans lan, jodi lendi 6 mas 2023 a.

Sekretarye Primati a nan yon nòt pou laprès pibliye jodi a, fè konnen lè nasyonal la ap avanse 60 minit apati 2 zè a.m. nan dat k ap dimanch 12 mas 2023 a, dapre dispozisyon atik 1 ak 2 dekrè prezidansyèl 7 mas 2012 la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Sekretarya Primati a raple tout ajan fonksyonè piblik yo ak anplwaye sektè prive yo, dapre dispozisyon atik Premye dekrè prezidansyèl 7 mas 2012 la, lè nasyonal la ap avanse 60 minit, apati 2 zè nan maten, Dimanch k ap 12 mas 2023 a », ekri Primati a nan kominike sila a.

Donk, sa ki vle di, lè li make 2:00 am, li pral an rayalite 3:00 am.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.