Vinicius bay yon endis sou avni Carlo Ancelotti

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
vinicius bay yon endis sou avni carlo ancelotti

Seleksyon Brezil la ki toujou ap chache yon antrenè depi aprè echèk yo nan Mondyal peyi Kata. Carlo Ancelotti,, se youn nan potansyèl seleksyonè ki ka pran tèt Seleçao a. Nan yon konferans pou laprès jwè Brezilyen an, Vinicius bay enpresyon l sou posibilite pou teknisyen italyen an ta vin antrene ekip foutbòl Brezil la.

Nimewo 20 Real Madrid la bay yon endis sou aktyèl antrenè Merengue yo. Mwa janvye ki sot pase a, laprès nan peyi Brezil te montre Carlo Ancelotti se antrenè ki gen pi bon CV ki kapab pran tèt seleksyon Brezil la. Yè samedi a, avan rankont fas ekip Mawòk la, Brezilyen an te pwofite reponn kesyon sou posibilite pou Coach Italyen an ta vin antrene Brezil.

« Ancelloti ap ede m keseswa nan Real Madrid oubyen ak seleksyon Brezil la. Sijè sa difisil anpil pou m pale sou li. Si m genyen l nan seleksyon an m paka genyen l nan Real Madrid, menn jan tou, si m genyen l nan Real Madrid m pap ka genyen l nan seleksyon an ». Se deklarasyon atakan brezilyen an.

Vinicius te ajoute pou l fè konnen : » C. Ancelotti se youn nan meyè antrenè nan mond la, pi bon antrenè li te ka genyen. Epi pa gen yon antrenè ki pa ta renmen antrene Brezil ».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article