Duckens Nazon byen selebre retou li nan seleksyon nasyonal ayisyèn lan

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
duckens nazon byen selebre retou li nan seleksyon nasyonal ayisyèn lan

Atakan ayisyen CSKA Sofia a, Duckens Nazon, make retou li nan seleksyon nasyonal ayisyèn lan kote l kontribiye nan bèl viktwa Grenadye yo (4-0) sou Monsera nan Lig dè Nasyon an kote l pami bitè ayisyen yo.

Duckens Nazon ki te absan nan ekip nasyonal la depi aprè Gold Cup 2021 an, konnen yon bon retou sou koulè Grenadye yo kote l selebre 50èm seleksyon l aprè anviwon 10 lane depi l te fè premye zam li ak ble e wouj yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Atakan ayisyen an ki te demare kòm titilè nan match sa ki jwe ayè samdi an nan peyi Monsera, enskri 27èm gòl li avèk seleksyon nasyonal la pou 50 match li deja jwe. Duckens Nazon ta pral lanse fèt la nan 49èm minit pou pèmèt Grenadye yo mennen (1-0).

Atakan CSKA Sofia a ki te gen gwo bouch louvri ak antrenè seleksyon nasyonal la, Jean Jacques Pierre, epi ekipye l Carnejy Antoine, kite dèyè tout istwa sa yo nan lide pou kapab kontinye fè bonè foutbòl ayisyen an.

Duckens Nazon k ap fè yon trè bon sezon nan peyi Bilgari ak CSKA Sofia, kontinye sou menm lanse sa kote l bitè ak seleksyon nasyonal ayisyèn lan nan laj viktwa sa yo fè fas Monsera ki t ap reziste fas Grenadye yo pandan tout premye mitan an.

N ap raple, ak viktwa sa, seleksyon nasyonal ayisyèn lan tou remonte nan Lig A pou pwochen edisyon Lig dè Nasyon an, kalifye dirèk pou Gold Cup 2023 a epi asire y ap fini premye nan gwoup yo ye an avan menm yo jwe fas Bèmid madi 28 mas k ap vini an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article