Vinicius se nouvo nimewo 7 ekip Real Madrid la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
vinicius se nouvo nimewo 7 ekip real madrid la

Aprè depa Cristiano Ronaldo nan Real Madrid, chak jwè ki pote nimewo 7 la pa janm rive bay pèfòmans klèb la te swete a. Soti sou Mariano Diaz pou rive sou Eden Hazard. Jodi lendi an, Merengue yo anonse se Vinicius Junior ki pral pote ansyen nimewo 7 Raul ak Cristiano Ronaldo a. De jwè sa yo te bay klèb la anpil tit ak nimewo 7 la.

Aprè yon bèl sezon ak Casablanca yo, Vinicius ap antre pi fon nan istwa madrilèn yo, aprè l te fin pote nimero 20 ekip la. Brezilyen an ap pote nimewo 7 apati sezon k ap vini an aprè Eden Hazard fin kite klèb la. Nimewo 20 an kounya se Fran Garcia, premye jwè Real Madrid achte pou sezon 2023-24 la, ki pra l pote l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè anpil moman glwa nimewo 7 Real Madrid la te konnen ak Raul epi Cristiano Ronaldo epi kèk desepyson avèk Mariano Diaz epi Eden Hazard, Vinicius gen yon lòt defi pou l leve aprè gwo batay li nan Liga kont rasis.

Yon lòt bò, Rodrygo pral pote nimewo 11 ekip la aprè depa Marco Asensio. Real Madrid ki poko rive jwenn yon atakan pwent pou konplete atak li an, konte siyen atakan anglè Tottenham lan, Harry Kane, pou mèkato ete an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive