Evens Demosthènes, yon jèn ki sot komin Kafou jwenn lanmò li an Repiblik dominikèn

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
evens demosthènes, yon jèn ki sot komin kafou jwenn lanmò li an repiblik dominikèn (1)

Nan Ciudad Juan Bosch, an Repiblik dominikèn, yon jenn gason ayisyen jwenn lanmò li. Nouvèl sila rive jwenn nou ayè dimanch 11 jen 2023, e malerezman pa genyen twòp detay ki bay sou sikonstans lanmò li.

Sa pase ayè dimanch 11 jen 2023 a, nan Juan Bosch, yon zòn ki akeyi anpil Ayisyen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan divès foto nou rive jwenn konsènan viktim lan, nou te ka konstate kadav li ki blayi atè nan yon lari epi yon gwo blese bò kòt li. Pyès enfòmasyon pa rapòte si se swit ak yon atak oubyen si se nan yon aksidan Evens Demosthènes mouri.

Toutfwa, temwen ki te sou plas yo te fè foto kèk pyès idantite l, tankou kat idantite l ak pèmi kondwi l. Enfòmasyon ki sou pèmi an rapòte jennonm lan sòti nan komin Kafou. Malerezman, pyès medya dominiken pa rapòte dram lan ak bay detay sou li.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.