Vis delege Yvanosky Joachim defann tèt li  

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
vis delege yvanosky joachim defann tèt li  

Vis delege Bèladè a, Yvanosky Joachim, defann tèt li aprè arestasyon madanm li, Milien Midrène Manessa, ki t ap transpòte plis pase 20, 000 katouch sòti Repiblik Dominikèn pou rantre Ayiti. Vis delege a fè konnen li pa gen anyen pou wè ak dosye sa. 

Daprè Yvanosky Joachim, se yon sèvis madanm li, Manessa, t ap rann yon ansyen mennaj li Schiller Louis, ki te mande l pote koli a pou li nan Bèladè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Milien Midrène Manessa jwenn arestasyon l sou fwontyè a nan zòn Elías Piña ansanm ak yon sèten Farah Joseph nan yon machin ki t ap transpòte plis pase 20,000 katouch ki te gen destinasyon Ayiti. 

Pandan arestasyon sa, otorite dominiken nan kò espesyalize sekirite fwontyè tèrès yo (CESFRONT) jwenn nan machin medam yo te ye a paspò Vis delege Bèladè a Yvanosky Joachim. 

Madanm Vis delege a ansanm ak Farah Joseph te transfere nan yon pòs polis nan zòn fwontalye Elías Piña, annatandan swit pwosedi jidisyè yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.