Vladimir Poutine bezwen kreye yon konsòl 100% ris pou konkiranse PS5

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
vladimir poutine bezwen kreye yon konsòl 100% ris pou konkiranse ps5

Depi lè Larisi anvayi Ikrèn nan, Nintendo ak Sony wete kò yo tou dousman nan peyi a. Prezidan ris la, Vladimir Poutine, vle peyi a kreye pwòp konsòl jwèt videyo ak lide pou l konkiranse pi bon yo.

Konkiranse Play Station 5 lan, men ki objektif Vladimir Poutine fikse avèk lide li genyen pou Larisi pwodwi pwòp konsòl jwèt videyo li. PS5 lan se dènye modèl nan seri Play Station yo, yon konsòl Sony ap pwodwi depi 1994. Kidonk, se sa ki fasilite lavi moun k ap jwe yo plis.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gen lòt konsòl ki modèn epi popilè tankou Xbox, pwodwi Microsoft, ak Switch, yon konsòl Nintendo ap pwodwi depi 2017. Men konpayi tankou Sony ak Nintendo pa deside kolabore ak peyi Larisi depi lè yo anvayi Ikrèn nan pou yon “gè” ki poko gen bout.

Restriksyon sa yo anpeche konsòl antre nan peyi a, yon sitiyasyon ki nwi sektè divètisman an. Se pou sa Poutine swete kreye yon konsòl 100% ris k ap kapab twoke kòn li ak sa k pi bon yo nan lemond.

Selon sa RT, medya etatik peyi a aprann, Prezidan an ki pran yon lòt manda sa pa gen lontan, ta renmen konsòl sa fè aparisyon l sou mache a apati lane 2027. Li remèt pwojè a bay Mikhaïl Michoustine, Premye minis peyi Larisi.

Sou tout teritwa pi gwo peyi nan mond lan, sektè jwèt videyo a te peze 3.4 milya dola an 2021, avan envazyon Ikrèn lan.

 

Source Image: JeuxVideo.com

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.