Wendyyy esplike sa k fè l te manke bay mizik vag pou tout bon

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
wendyyy esplike sa k fè l te manke bay mizik vag pou tout bon

Nan chita pale ak jounalis Jean Mary Simon, ki disponib depi 21 mas la, Wendyyy devwale li te manke kraze kite sa ak karyè atistik li. Rapè a esplike rezon ki fè l te sou wout bay vag.

Wendyyy te konnen yon moman difisil nan lavi l, sa ki te pouse l fèmen nan silans li pou l pran swen tèt li avan l te tounen an flanm. “Mwen te vin detache paske nan moman mwen te DOWN mantalman, m reflechi anpil nan moman sa epi m di èske sa entèrese m toujou pou m al fè mizik ankò”, rapè a esplike jounalis la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tounen natif Yogann lan fè valè l monte, grandi “fanbase” li epi pote siksè li potko konnen nan karyè li. Videyo l yo ak mizik li yo konnen gwo chif nan ti kal tan. Men tout sa yo te ka pa posib si Wendyyy te pran lòt chimen. Se tout sa l te gen nan lide l nan moman nwa yo.

“M te menm panse al batize, remèt Bondye lavi m jan yo konn di a. Aprè, se paran m ki ban m direksyon ki di m pa prè, gen yon pakèt bagay m sipoze amelyore lakay mwen, gen yon repetans ki dwe fèt”, sa li rapouswiv pou l di.

Fason biznis mizik fonksyone isit pa fè Traka plezi, se youn nan rezon ki te ka fè l pa janm tounen. “Se mache a, mantalite a. M di èske jan nou ye a la, jan nou ap fonksyone nan mache a sa merite pou m retounen vin fè mizik, vin melanje nan menm zizani an”, atis la t ap mande tèt li.

Toutfwa, Wendyyy te retounen sou desizyon l pou bonè Chinwa yo. Jounen jodi a, li gen yon kominote enkonparab k ap swiv li e pote pwojè l yo. Li kontinye ap ekri yon listwa k ap gen pi bèl chapit tank jou ap swiv jou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.