Aprè eliminasyon FC Barcelone nan Copa del Rey la fas gran rival li Real Madrid (4-0). Antrenè Catalan, Xavi fè konnen nan konferans pou laprès yo bliye sak te pase mekredi a, sa Real Madrid ap fè pa enterese l non plis. Barcelone ki pral jwe kont Girona demen lendi an, kapab pran 15 pwen sou Madrilèn yo nan Liga.
Non konferans pou laprès, avan rankont FC Barcelone fas Girona (11zyèm), Xavi fè konnen tout konsantrasyon rete sou ekip la, li menn bliye defèt li fas ekip Real Madrid la mekrèdi pase a. « M pa konn si ekip nan do nou an ap mal pase, tout bagay depann de nou kounya, demen nou kapab pase ak 15 pwen eka. Se ap yon avantaj enpòtan. Sa Real Madrid ap fè pa gade m, m jis enterese ak ekip mwen. »
Xavi te kontinye pou l fè konnen eliminasyon Blaugrana yo nan Copa del Rey la pa chanje sezon pozitif klèb la.
« Sak te pase mekredi a gentan nan do nou, se yon tit nou pèdi. Kounya nou dwe konsantre nou sou Liga, ki se pi gran objektif nou pou sezon an. Nou te pran Super Coupe la, nou avanse nan Liga, pasaj nou nan Liga pat movè ditou. Nou echwe an Ewop. Nou pèdi fas anpil gwo ekip tankou Real, Inter, Baryen, Manchester United, ekip la ap kontinye konstwi » se sa teknisyen catalan fè konnen.
Facebook Comments