Atakan entènasyonal ayisyen an k ap konnen youn nan pi bon moman karyè foutbòl li depi li kòmanse jwe, pwofesyonèl la enskri yon lòt gòl nan Parva Liga a nan viktwa (2-0) CSKA Sofia fè kont Slavia Sofia a.
Nan okazyon 25èm jounen chanpyona Bilgari an, Duckens Nazon ki se youn nan prensipal atizan bèl viktwa sa CSKA Sofia fè an deplasman jodi dimanch lan, enskri onzyèm gòl li nan Parva Liga a pou sezon sa.
Grenadye an ki te demare nan pwent atak CSKA Sofia a pou match sa, kontribiye nan bèl operasyon ekip li an fè aprèmidi an sou tèren Slavia Sofia a avèk gòl sa li enskri nan 67èm minit pou te pèmèt ekip li mennen (2-0) epi genyen match la.
Gras ak viktwa sa, CSKA Sofia kontinye rete lidè Parva Liga a avèk kounya 63 pwen, 4 grenn anplis Ludogorets ki okipe dezyèm plas la avèk 59 pwen. Yon chanpyona k ap gen pou fini aprè 5 jounen ankò.
Facebook Comments