Y ap fè bagay, yo kole, kisa ki lakoz ? 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
y ap fè bagay, yo kole, kisa ki lakoz  

Nou souvan tande moun kole lè yap fè bagay, sa konn fè nou ri oubyen gen yon kòmantè kèlkonk. Menm si gen moun ki di se mistik, kote patnè youn nan moun yo fè l kole ak nenpòt moun l ap twonpe l avè l, men li genyen tou yon esplikasyon syantifik nou souvan inyore. Kisa ki lakoz sa e kijan pou moun yo rive dekole ? 

Menm si pi souvan se bèt ki konn kole, sitou chen, men se pa selman yo sa rive. Moun konn nan sitiyasyon deplorab sa tou. Si se 2 moun ki te nan otèl, ozalantou espas la toujou plen moun ki vle wè fenomèn sa epi pale de sa. Gen tout yon pwosesis ki fè sa rive. Ann gade ansanm. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dyamèt vajinal fanm nan chaje misk, ki kapab kontrakte oubyen retresi. Lè fi a pral atenn ògas li, pawa vajinal la retresi : si li te a 5 cm pa egzanp, li vinn 3. kidonk, peni an ki li menm ap ogmante an gwosè ak longè otan gason an eksite, vinn paka sòti. Daprè sa Doktè Jerdens Maxime esplike nou, se sa yo rele Peni kaptivis la.  

Atansyon pou nou pa konfonn peni kaptivis la ak vajinis ki se yon maladi kay fanm, kote li gen yon kontraksyon pwolonje a lèkstrèm nan dyamèt vajinal la ki anpeche penetrasyon fèt, nan nenpòt moman. Se kapab estrès, oubyen pè fanm nan genyen pou l fè bagay oubyen tou li pè pou li pa pran yon enfeksyon. Kidonk vajinis la se yon koz epsikolojik olye de medikal. Pa kont peni kaptivis la, se pandan peni an nan vajen an menm kontraksyon an fèt. 

Lè aksyon peni kaptivis la fèt, pou moun yo rive dekole yo dwe pran yon konprime miyorelaksan, pou pemet misk vajen an dekontrakte pou retrè peni an kapab fèt, osinon yo dwe rete trankil san fè anyen ki ka eksite yo plis jiskaske peni an degonfle. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.