Kisa ki eksplike yon etidyan anndan Fakilte Syanzimèn oblije pran 6 a 7 lane pou l fini ?

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
kisa ki eksplike yon etidyan anndan fakilte syanzimèn oblije pran 6 a 7 lane pou l fini 

Anndan Fakilte Syanzimèn, yon etid ki nòmalman ta dwe dire 4 lane konn rive boukle sou 6 oubyen 7 an pou yon seri etidyan. Yon pwoblematik ki souvan fè deba nan kominote inivèsite a nan eseye eksplike divès rezon ki lakoz jeneralman etidyan yo ale pi lwen dire etid nòmal la avan yo fini. 

Nan yon fonksyonman nòmal, yon etidyan pa ta dwe pran plis pase 4 lane pou boukle yon etid premye sik anndan Fakilte Syanzimèn ki se youn nan onz antite Inivèsite Leta a. Avèk 2 sesyon preparatwa, epi 2 sesyon nan 3 nivo depatman yo, etidyan an sipoze konplete etid sa nan 4 lane, avèk posiblite pou l fini byen avan sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Fonksyonman Fakilte Syanzimèn ki baze sou sistèm kredi, bay posiblite ak etidyan yo pou chwazi nan chak sesyon ant 4 a 7 kou. Ak 7 kou nan yon sesyon, yon etidyan ap rive konplete etid sa avan menm 4 lane a. Nan sans sa, kòman yon etidyan fè pran jiska 6 oubyen 7 lane pou yo fini? 

Daprè divès etidyan nou rive jwenn enpresyon yo nan kad dosye sa, reta sa etidyan yo fè fas avan yo resi genyen lisans yo nan fakilte a lye ak yon seri paramèt administratif, sosyo-ekonomik, istorik, e menm politik. 

Pwoblèm pran anpil tan avan etidyan yo resi genyen lisans yo nan Fakilte Syanzimèn gen pou wè ak yon seri pwofesè ki toujou anreta nan remèt nòt nan fen sesyon yo. Woodelande Joseph, etidyan kominikasyon ki ta sipoze nan nivo III, kwè  administrasyon an ki pa fè travay li jan sa ta dwe fèt bay yon lèse ale ak pwofesè yo. 

« Gen pwofesè ou swiv kou ansanm avè l nòmalman, nan fen sesyon an li pa ba w nòt. Lè l resi ba w li an se anba anpil redi, oubyen tou li ale ak nòt la. Sa ki oblije al rapran kou sa. Kidonk ou pèdi yon 6 mwa ou te ka pran pou w swiv yon lòt kou», temwanyaj Woodelande Joseph ki rantre nan fakilte a depi 2019. 

Wilmano Brésil, etidyan nan sosyoloji ki nan fakilte a depi 2018, eksplike 3 prensipal rezon ki lakoz gen etidyan ki pran anpil tan pou fini Syanzimèn. Daprè li menm, sistèm kredi a, dirijan yo ki twò konsèvatè, marye ak yon kesyon tradisyon rann etidyan yo globalman pran anpil tan avan yo konplete etid la. 

« Fakilte a gen yon tradisyon kote ou oblije fè anpil tan pou w tèmine » yon apwòch Wilmano Brésil eseye eksplike nan mete kanpe peryòd avan 2010 nan fakilte a ak jounen jodia. Pou etidyan an, peryòd avan 2010 la te bay plis moun ki te deja gen yon pwofesyon e ki pa t gen twò gwo sousi ekonomik. 

Yon lòt kote, Wilmano Brésil fè konprann akoz dirijan ki la aktyèlman yo sòti nan gwoup etidyan avan 2010 yo, sa rann yo trè konsèvatè nan fason y ap jere fakilte a. «Yo pa rann yo kont reyalite a ap chanje nan fakilte a ki gen jounen jodia yon gwoup etidyan ki bezwen fini epi al fè wout yo». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sistèm kredi a, daprè Wilmano Brésil, jan l ye nan Fakilte Syanzimèn lan, kapab rann etidyan yo pran anpil tan pou yo tèmine, sitou avèk yon seri pwofesè ki panse yo sou tèt menm dirijan yo, pa respekte okenn règleman, yo fè sa yo vle, pèsòn pa ka kanpe yo nan anyen. 

Pou Salomon Exerne, genyen 3 aspè fondamantal pou w gade kesyon etidyan k ap pran pakèt tan pou fini yo nan fakilte a. Etidyan k ap regle lòt aktivite ( tankou travay), rapò yon seri etidyan devlope ak espas fakilte a, san konte difikilte pou w jwenn travay an Ayiti. 

«Gen etidyan ki okipe nan lòt aktivite ki pa gentan pou suiv tout 7 kou yo ofri yo, se 3, 4 yo suiv pa sesyon. Sa rann kisis la vin long devan yo. Byen ke gen ka patikilye pafwa se seri nòt pèdi, pwofesè pa bay rezilta elatriye….», pawòl Salomon Exerne k ap etidye Travay Sosyal Syanzimèn ak Jewografi nan IERAH. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gen etidyan ki wè espas fakilte a kòm yon dezyèm kay, yon dezyèm fanmi, yon kote li pa anvi kite paske l retwouve l e jwenn byennèt li la, toujou daprè Salomon Exerne k ap etidye anndan Inivèsite Leta a depi 2018. 

Difikilte pou moun jwenn yon travay an Ayiti, menmsi w kalifye, konn pafwa rann etidyan yo pa twò entèrese fini. « Pafwa etidyan yo konn poko wè pèspektiv pou lavni yo, nan sans sa yo pran fakilte a pou yon pastan. Ak sa yo bare kèk atant ak preyokipasyon sosyete a gen sou yo paske, an Ayiti, depi w lekòl yo paka twò egzije w anyen». 

Fakilte Syanzimèn konn fèmen pafwa pou rezon politik akoz rapò gwoup etidyan devlope ak responsab administrasyon an ki jeneralman tankou lèt ak sitwon. Yon sitiyasyon ki konn gen enpak sou dire etid etidyan yo nan fakilte a. An 2017, Fakilte Syanzimèn te fè yon lane fèmen akoz konfli etidyan ak rektora a. San konte twoub sosyopolitik yo anndan peyi a ki pa janm san konsekans. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.