Yon 27èm Liga pou FC Barcelone

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon 27èm liga pou fc barcelone

Avèk viktwa yo (4-2) sou lènmi jire yo nan “Catalunya” a, Espagnol, FC Barcelone ranpòte Liga a sezon sa a, ki se 27èm nan tout istwa yo, premye yo pran depi rive Xavi nan tèt ekip la.

Blaugrana yo ki t ap domine chanpyona espanyòl depi kòmansman sezon an, sakre chanpyon ofisyèlman jodi dimanch lan avèk viktwa yo an deplasman sou rival yo Espagnol Barcelone (4-2).

- Advertisement -
Ad imageAd image

A 4 jounen pou chanpyona a fini, katalan yo gentan genyen Liga a pou sezon 2022-2023 a avèk 14 pwen anplis rival yo, Real Madrid, epi 16 pwen devan Atlético ki, pandan 34èm jounen sa, pèdi (0-1) devan Elche.

Avèk yon double pou atakan polonè a, Robert Lewandowski, meyè bitè Liga a jiskaprezan avèk 21 gòl, ajoute ak jèn lateral goch yo an, Alejandro Baldé, plis defansè fransè a Jules Koundé, katalan yo fè yon viktwa trankil ki tou ba yo tit Liga a pou sezon an.

Tit sa Blaugrana yo ap kouri dèyè depi 4 sezon an, finalman retounen nan vil Barcelone. Malgre echèk yo nan Lig dè Chanpyon ak Europa League la sezon sa, katalan yo sakre chanpyon Liga a avèk yon bilan ekstraòdinè ki gen ladan l 27 viktwa sou 34 match yo jwe deja yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.