Yon anplwaye EDH mouri pandan yon rapò seksyèl nan yon otèl ri Kapwa

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
yon anplwaye edh mouri pandan yon rapò seksyèl nan yon otèl ri kapwa

Leonel Florestal, se non yon anplwaye EDH ki rive pèdi lavi l ayè lendi 10 jiyè 2023 a pandan yon rapò sekyèl nan yon otèl nan ri Kapwa, Pòtoprens. Daprè enfòmasyon yo, fanm lan nonm lan te gen randevou avèk li an ta ale ak telefòn epi bous defen an aprè ensidan sila.

Leonel Florestal te gen randevou ak fanm lan nan yon otèl ki twouve l ri Kapwa pou pase yon moman ansanm, daprè enfòmasyon ki rive nan redaksyon an. Anplwaye EDH la mouri nan moman rapò seksyèl lan epi pèdi telefòn li ak tout bous li ki ta gen lajan ladan l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Madanm viktim lan ki te vin konstate kadav mari l, fè konnen Leonel Florestal genyen 55 lane.

Ka konsa yo repete souvan nan sosyete ayisyèn lan. Dènye ka nou sonje se te Sonson ki te mouri 3 jiyè ki sot pase an aprè l te fin konsome 5 tablèt konprime Viagra pou ranfòse andirans sekyèl li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.