Yon ansyen jwè Liverpool konseye Kylian Mbappé kite PSG pi vit posib

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon ansyen jwè liverpool konseye kylian mbappé kite psg pi vit posib

Nan analiz aprè match sou eliminasyon Paris Saint-Germain an fas Bayern Munich (0-1;2-0) ayè mèkredi 8 mas la nan uityèm definal Lig dè Chanpyon an, Jamie Carragher konseye Kylian Mbappé kite klèb parizyen an san pèdi tan.

Ansyen defansè Liverpool la, nan analiz aprè match pou medya CBS Sports, pa mete dlo nan bouch li pou kritike pwojè parizyen an epi ankouraje atakan fransè an kite ekip la rapid vit kote l fè konnen l ap gen plis chans genyen Lig dè Chanpyon an nan yon lòt ekip.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Paris Saint-Germain k ap chache yon Lig dè Chanpyon depi yon dizèn lane avèk rive gwoup Katari an nan tèt ekip la, elimine pou yon senkyèm fwa nan uityèm definal konpetisyon an sou 11 dènye edisyon yo, sa ki se pou Jamie Carragher yon gwo blag .

« Li posib pou w pèdi kont Bayern Munich. Men lè klèb lan tonbe depi tout tan sa nan men Katari yo, Leta, kote yo gen plis lajan pase nenpòt lòt ekip nan mond lan, pou yo achte meyè jwè yo, epi pou y ap elimine senk fwa nan uityèm definal, se vrèman yon blag. »

Jamie Carragher konseye Kylian Mbappé kite Paris Saint-Germain pi vit posib pou rejwenn Real Madrid, nan chanpyona espanyòl la, kote l ap gen plis chans genyen Lig dè Chanpyon an, sa ki lwen pou rive avèk klèb fransè an ki tout bagay sof yon ekip daprè defansè anglè an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.