Pou Brian Nichols, HCT a se yon pilye enpòtan nan retabli sekirite ak lòd demokratik an Ayiti

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pou brian nichols, hct a se yon pilye enpòtan nan retabli sekirite ak lòd demokratik an ayiti

Sekretè Deta pou Zafè Emisfè Oksidantal Etazini an, Brian Nichols rankontre jodi jedi 9 mas 2023 a, ak manm Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT). Diplomat ameriken an pandan rankont sila te fè konnen HCT a se yon pilye enpòtan pou retabli sekirite ak lòd demokratik nan peyi a. Yon lòt bò, Brian Nichols te fè elòj pou travay sektè prive a akonpli an Ayiti.

Jan diplomat ameriken an, Brian Andrew Nichols, te deja anonse sa nan kòmansman sèmen nan, li t ap gen pou li vizite Ayiti, yon fason pou l rankontre ak plizyè sektè nan peyi a epi evalye pwogrè yo. Pandan vizit 24 èdtan diplomat ameriken an t ap gen pou l rankontre ak Premye minis Ariel Henry, sektè prive ak diplomasi elatriye…

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se nan lide sa, Mesye Brian Nichols te rankontre maten an ak manm Wo Konsèy Tranzisyon an, ki gen ladanl ansyèn Premyè dam nan, Mirlande Manigat, Laurent Saint-Cyr ak Pastè Calixte Fleuridor.

Pandan rankont sila, Brian Nichols te akonpaye pa Anbasadè Ameriken an Ayiti a, Eric Stromayer.

Sou kont Twitter li, diplomat ameriken an fè konnen li te kontan rankontre ak manm Wo Konsèy Tranzisyon an, ki gen yon wòl enpòtan nan retabli sekirite ak lòd demokratik, devan kriz politik konplèks sa a. « Nou kontinye mande konsansis ak fleksibilite nan mitan tout pati yo pou sipòte yon pi bon avni pou tout Ayisyen,” te ekri Brian Nichols nan yon seri tweet.

Yon ti tan apre li te fin rankontre ak manm Wo Konsèy Tranzisyon an, Sekretè Deta pou Zafè Emisfè Oksidantal Etazini an, te rankontre ak pèsonalite nan sektè biznis prive yo. Diplomat la nan yon tweet fè lwanj pou travay sektè sa fè.

“Diskisyon apwofondi ak lidè biznis ayisyen yo sou fason sektè prive a ka bay solisyon pou defi Ayiti yo. Nou apresye travay yo pou pwogrè politik, sekirite ak sipò yo pou pratik biznis ki pi transparan epi ki jis,” te ekri Brian Nichols.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.