Yon batay entèresan nan D1 Arkema a pou wikenn lan ant de Grenadye

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon batay entèresan nan d1 arkema a pou wikenn lan ant de grenadye

Chanpyona fanm lan nan peyi Lafrans anonse entèresan pou wikenn lan avèk prensipalman yon chòk k ap mete fas pou fas Batcheba Louis ak Nérilia Mondésir.

FC Fleury 91 ki gen nan efektif li Batcheba Louis ap resevwa demen samdi a Montpellier HSC nan okazyon 20èm jounen D1 Arkema a nan yon fas a fas ant de Grenadye yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

FC Fleury ki aktyèlman twazyèm nan chanpyona fanm premye divizyon fransè a avèk 35 pwen, ap resevwa byen bonè demen samdi an Montpellier HSC ki gen 4 pwen an mwens li nan senkyèm plas klasman an.

De Grenadye sa yo k ap fas a fas demen 6 me an pami koloni ayisyèn k ap evolye nan foutbòl fransè an, prensipalman nan D1 Arkema a ki gen ladan l egalman Corventina, Roselord Borgella ak Kethna Louis.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.