Yon demonstrasyon foutbòl pou Pòtigal ak Cristiano Ronaldo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon demonstrasyon foutbòl pou pòtigal ak cristiano ronaldo

Seleksyon Pòtigal la malmennen jodi dimanch lan Luxembourg (6-0), an deplasman, nan yon match ki konte pou eliminatwa Euro 2024, avèk prensipalman yon double pou atakan vedèt yo an, Cristiano Ronaldo.

Potigè yo ki byen lanse eliminatwa yo, anrejistre yon dezyèm viktwa youn aprè lòt kote yo kraze seleksyon Luxembourg an (6-0) avèk yon double pou Cristiano Ronaldo epi João Félix, Bernardo Silva, Otávio ak Rafael Leão nan 88èm minit.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Seleçao an ki gen Roberto Martinez kòm nouvo antrenè, aprè echèk Fernando Santos nan dènye Koupdimond lan, byen lanse eliminatwa Euro 2024 yo an avèk deja de viktwa kote yo gentan enskri 10 gòl san yo poko pran menm yon sèl.

Cristiano Ronaldo ki te fè de (2) gòl nan viktwa (4-0) Pòtigal kont Liechtenstein lan, repwodui menm pèfòmans lan avèk double sa li enskri jodi dimanch lan ki ogmante a 122, kantite gòl li enskri sou koulè Seleçao an malgre 38 lane li an.

Atakan Pòtigè an k ap evolye sou koulè Al-Nassr depi mwa janvye ki sot pase an aprè separasyon l ak Manchester United, kontinye ap ekri non l nan istwa foutbòl la kote li vini kòm jwè foutbòl ki jwe pi plis fwa epi fè plis gòl avèk yon seleksyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.