Peterson Dorsainvil nonmine nan Slam Awards international 2022 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
peterson dorsainvil nonmine nan slam awards international 2022  (1)

Jounalis redaktè Peterson Dorsainvil nonmine pou pri Slam Awards international 2022 a kote l ap gen pou reprezante Ayiti nan kategori pi bon jounalis. 

Peterson Dorsainvil ki se egalman slamè envite tout moun, prensipalman konpatriyòt li yo, pou vote pou li nan kad patisipasyon l nan Slam Awards international 2022 an kote l ap fè valè peyi an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kapab vote pou Peterson Dorsainvil, entèrese yo ap kapab rantre nan lyen ki swiv paragraf sa pou ede jèn talan sa rive pi lwen nan konpetisyon sa. 

https://slamawardsinternational.com/index.php/contests/3-journaliste/69-peterson-dorsainvil.html#  

Yon moun ki vle bay vòt pa l ak Dorsainvil nan edisyon Slam Awards international 2022 a ap kapab vote chak 12 èd tan jiska dat limit òganizatè yo fikse pou kanpe vòt yo. 

Sou rezo sosyal yo, Peterson Dorsainvil envite tout konpatriyòt ayisyen li yo fè yon sèl ansanm avè l pou fè valè Ayiti. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.