FIFA ofisyalize kantite gwoup kap genyen nan Mondyal 2026 la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
fifa ofisyalize kantite gwoup kap genyen nan mondyal 2026 la

Pou Mondyal 2026 la kap gen pou l fèt nan peyi Etazini-Kanada-Meksik, yè madi a, FIFA mete dayò sou kantite gwoup kap gen nan konpetisyon an. Yon Mondyal kap fèt ak 48 ekip, 12 gwoup ak 4 ekip. Desizyon sa se yon refòm nan foutbòl la.

Aprè Mondyal 2022 a, ki sot fèt ak 32 ekip nan peyi Kata. FIFA deside fè yon refòm nan foutbòl la, kote konpetisyon an ap fèt ak 48 nasyon pou Mondyal 2026 la. Pou 23zyèm edisyon sa a kap fèt nan Nò Amerik, ap gen 12 gwoup ak 4 ekip.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou 2026, Mondyal la ap gen 16zyèm final, pou kalifilasyon yo nan gwoup yo se 2 premye yo kap kalifye dirèk epi ap gen 8 meyè 3zyèm. Yon lòt bò kantite match yo ap ogmante, ak 32 ekip se te 64 match, pou 48 ekip se ap 104 match. Mondyal 2026 la ap depase yon mwa, kote se 39 jou lap dire.

Kijan FIFA distribye plas yo nan kontinan yo ?

Pou kontinan Ewop la se 16 plas, Afrik la genyen 9 plas, Azi 8, Sid Amerik la ap gen 6 ekip kalifye, nan Nò Amerik la se 6, epi Oseyani ap gen yon sèl ekip kap kapab jwenn biyè pou gran mès sa. Epi 2 lòt plas yo ap diskite nan baraj.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive