Yon endividi  jwenn arestasyon l, pandan li te gen sou li yon zam lapolis pèdi

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
yon endividi  jwenn arestasyon l, pandan li te gen sou li yon zam lapolis pèdi

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) mete lapat sou Berthony Mercius, ki gen ti non “Ti Blan”, aprè yo te jwenn sou li yon zam enstitisyon an ki te pèdi aprè nèg ak zam te fin mennen yon atak kont Sou Komisarya Frecyneau a, Senmak, nan jou ki te vandredi 27 septanm 2019 la.

Ekip Kowòdinasyon près ak relasyon piblik lapolis la (CPRP) prezante Ti Blan kòm youn nan manm gang “7 Segond”, aprè premye odisyon li. Endivi a revele li te rive achte zam nan nan men yon sèten Ti Grèg, pou yon montan mil dola ameriken.

Konsa tou, PNH la enfòme li rive sezi 3 pistolè 9 milimèt, 3 boukliye, 2 fizi 12, plizyè batri ak pano solè, bandi ak gwo zam fann fwa te pote ale. San konte plizyè machin ki te pase anba flanm dife lè sa a.

Pou kounya Berthony Mercius, ki jwenn arestasyon l nan Senmak, rete chita nan yon gadavi pou machin pa frape l, pandan l ap ret tann swivi jidisyè nesesè ki gen pou fèt sou zafè sila a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.