Yon gwo sanskyon pou ansyen prezidan Federasyon espanyòl la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
yon gwo sanskyon pou ansyen prezidan federasyon espanyòl la

Jodi lendi an, FIFA bay Luis Rubiales yon sanskyon pou 3 lane kote l p ap gen dwa pou li nan anyen ki lye ak foutbòl. Yon desizyon ki vini aprè tout eskandal sou jan li te bo Jennifer Hermoso nan denyè mondyal fanm yo. Yon Mondyal Espay te ranpòte.

Aprè anpil polemik ak diskisyon sou dosye “bo” Luis Rubiales te pran san konsantman jwèz espanyòl la nan final mondyal ki te òganize nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland lan, nan mwa dawout ki sot pase a, FIFA deside jodi lendi a pou l bay pozisyon l sou koze sa. Ansyen prezidan federasyon foutbòl espanyòl la pap ka nan zafè foutbòl pou 3 lane.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Raple dosye sa te divize foutbòl espanyòl la kote kan Rubiales la te fè konnen Jennifer Hermoso te dakò pou bo a. Yon lòt bò, jwez, jwè ak anpil dirijan foutbòl nan peyi Lespay te pran sa pou yon wont pou foutbòl espanyòl la. San n pa bliye politik te menm mete bouch nan koze sa epi mande demisyon Rubiales rapid vit.

Dosye yo fin analize, vèdik la tonbe, Luis Rubiales pap ka patisipe nan anyen ki gen rapò a foutbòl pou 3 lane. Yon desizyon k ap rejwi gwoup jwez espanyòl ki te deside pa retounen nan seleksyon an tout tan yon desizyon pa pran ak prezidan federasyon foutbòl espanyòl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive