Yon istwa damou k ap rapouswiv ant Cristiano Ronaldo ak seleksyon Pòtigal la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon istwa damou k ap rapouswiv ant cristiano ronaldo ak seleksyon pòtigal la

Malgre 38 lane li yo, Cristiano Ronaldo poko deside bay seleksyon Pòtigal la vag. Nan premye lis Roberto Martinez la, atakan Al-Nassr lan pami jwè potigè ki konvoke pou pwochen match eliminatwa Euro 2024 yo.

Si anpil moun te kwè Kata se t ap dènye konpetisyon atakan pòtigè an, ebyen jodi vandredi an, nouvo antrenè Pòtigal lan fè apèl ak Cristiano Ronaldo pou match eliminatwa y ap gen pou jwe nan fen mwa mas la kont Lichtenstein ak Luxembourg.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Senk fwa balon dò an ki make istwa seleksyon Pòtigal lan pandan anviwon 20 lane l ap pote koulè mayo sa, avèk sitou yon tit chanpyon ewòp nan lane 2016, sou wout pou mennen avanti sa pi lwen toujou malgre 38 lane li yo.

Cristiano Ronaldo ki te rezèv nan de dènye match Pòtigal yo nan mondyal Kata a, pami 23 jwè Roberto Martinez ki apèn pran tèt ekip la sòti jodi vandredi an pou pwochen match Seleção das Quinas yo.

Roberto Martinez ki te nan tèt seleksyon Bèljik lan ki ta pral echwe nan mondyal Kata a avèk prensipalman yon eliminasyon nan premye tou, ranplase Fernando Santos ki ta pral pèdi pòs li aprè echèk li ak seleksyon Pòtigal nan dènye Koupdimond lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.