Yon jèn fanm ayisyèn touye mennaj li ak kout kouto nan Repiblik dominikèn

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon jèn fanm ayisyèn touye mennaj li ak kout kouto nan repiblik dominikèn

Yon jèn fi 17 lane touye mennaj li ak plizyè kouto nan San Pedro, Repiblik dominikèn. Zak sila pase dimanch 09 jiyè 2023 a, daprè sa laprès an Repiblik dominikèn rapòte epi fè konnen pou kounya kriminèl la anba men lajistis pou reponn zak li.

Fòs lòd yo idantifye viktim lan sou non Médard Clifard, yon jèn ayisyen 28 lane. Li mouri lopital aprè l te fin resevwa plizyè kout kouto anba men mennaj li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jounal dominiken Listín Diario rapòte pa bò kote pa li, Médard Clifard mouri pandan yon entèvansyon chirijikal pou te sove lavi li.

Daprè yon rapò ofisyèl polis nasyonal kay vwazen, yo idantifye otè zak la sou ti non « DC ». Li te eseye sove aprè l te fin fè krim lan, erezman lapolis mete lapat sou li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.