Yon jèn gason endispoze akoz li te sèl gason nan yon sal ki gen 500 fanm

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
yon jèn gason endispoze akoz li te sèl gason nan yon sal ki gen 500 fanm

Nan peyi End, yon jèn gason 17 lane endipoze nan yon sal egzamen, lè li fin remake li se sèl gason nan sal sa, ki te gen 500 fanm ki vin konpoze tou.

Si gen gason ki t ap santi yo ere pou yo ta yon kote ki chaje fanm, si gen lòt tou ki t ap fantasme sou yo menm ki ta sèl towo nan mitan yon pakèt gazèl, ebyen gen lòt gason yon sitiyasyon konsa ta ka manke touye. Se ka Manish Shankar Prasad, yon jèn Endyen ki te gen pou li pase yon egzamen matematik nan fen mwa janvye a. Malerezman li pat rive konpoze nan jou ki te planifye pou sa, paske jèn gason sa te arive pèdi konesans, aprè li fin antre nan sal egzamen an, epi remake se sèl li menm ki gason nan mitan 500 jèn fi.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Li antre nan sal la epi li endispoze lè li wè tout jèn fi sa yo, epi sèlman limenm kòm gason. Li pèdi konesans, e li te gen fyèv tou. Nou te oblije kouri lopital avèk li, pou l te kapab fè kèk egzamen medikal, » se sa matant li deklare.

Papa Manish Shankar fè konnen, pitit li a te reprann konesans aprè anpil tan, epi sa te tèlman boulvèse l, lè li revini a limenm, li pat ka pale pou l esplike kisa ki te lakoz li endispoze a. Se aprè li vin ap rakonte fanmi li, lè li antre nan sal egzamen an epi li wè tout jèn fi sa yo, li te estrese, anksyete pran l, l ap swe san rete, jiskaske li pèdi konesans.

Responsab yo nan lekòl la di yo pa konprann kòman Manish te fè twouve l nan yon sal ki chaje fanm, e petèt se li ki te mete pa erè sèks feminen nan fòmilè enskripsyon li a, paske fanm ak gason pa konpoze nan menm espas.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.