Real Madrid ap afwonte Atletico Madrid ak Barcelone san Rodrygo ak Alaba

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
real madrid ap afwonte atletico madrid ak barcelone san rodrygo ak alaba

Aprè festival ekip Real Madrid la fas Liverpool nan Anfield la (2-5), madi pase a, nan kad 8tyèm final ale Champions League la, Alaba ak Rodrygo te soti blese nan rankont sa. Jedi 23 fevriye 2023 a, klèb la fè konnen 2 jwè sa yo pap ka jwe dèbi a fas ak Atletico Madrid nan Liga, epi klasiko a kont ekip Barcelone lan nan Copa del Rey la.

Real Madrid ap afwonte Atletico Madrid ak Barcelone san Rodrygo ak Alaba, ki blese aprè 8tyèm final ale Champions League la fas ak ekip Liverpool la nan Anfield la. Otrichyen an ki blese nan kwis dwat li ap absan pou yon mwa, epi jèn brezilyen an li menm, ki gen yon ti bobo nan dèyè li pap ka prezan pou Merengue yo pendan 10 jou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Real Madrid k ap afwonte Atletico Madrid jodi samdi a nan kad 23zyèm jounen Liga a, pap ka konte sou 2 eleman enpòtan nan efektik C. Ancelloti a. Casa Blanca yo, ki dezyèm ak 51 pwen ap jwe nan Bernabeu a fas Colchoneros yo ki 4triyèm nan klasman Liga ak 41 pwen.

Se ap menm bagay la pou klasiko a kont ekip Barcelone lan, pou demi final ale Copa del Rey la. Bon nouvèl pou fanatik Real Madrid yo, koyekipye Vinicius yo ap kapab konte sou retou Aurélien Tchouameni, ki se yon pyès enpòtan nan mitan teren Merengue yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive