Mitilasyon ògan seksyèl feminen oubyen Eksizyon se yon pratik ki prezan nan plizyè peyi an afrik, kote moun yo koupe pasyèlman, totalman klitoris oubyen koud lèv enferyè vajen tifi yo. Yo konn fèl 40 jou aprè nesans lan, avan tifi a gen 5 lane oubyen tou Lè li gen 15 lane paske gen kèk peyi se a laj sa pou tifi yo marye. Fè yon eksizyon sou li nan laj sa fè l parèt pi (pur) nan je fiti mari li.
Gen plizyè kategori nan mitiliasyon ògan seksyèl feminen an. Genyen klitoridektomi, ki se lè yo koupe nèt oubyen pasyèlman klitoris fi a. Gen eksizyon an ki se lè yo koupe klitoris la ansanm ak lèv enferyè vajen an. Pafwa yo konn tou koupe lèv siperyè a tou. Épi genyen enfibilasyon ki se lè yo ratresi vajen an pandan yo koupe oubyen kole (koud) lèv enferyè oubyen lèv siperyè yo. Li konn fèt san yo pa koupe klitoris la men anpil fwa yo koupe l tou.
Ki kote pratik sa sòti e Poukisa yo fè l ?
Kèk rechèch ki fèt nan syans sosyal ta vle fè kwè, pratik sa te kòmanse depi byen lontan, sitou nan sosyete farawon yo, nan klas sosyal ki pi elve yo. Yon fenomèn imitasyon sosyal, pral fè pratik sa etann li nan lòt klas sosyal pi ba yo, kote paran yo fè eksizyon sou tifi yo, nan lide pou yo kenbe vijinite yo e tou pou yo gen plis chans pou marye ak yon moun ki nan yon pi gwo klas sosyal pase yo.
Pi ta, pratik sa pral pran yon ekstansyon nan afrik de lwès ak lès, kote pèp sa yo pral entegre l nan tradisyon yo. Ozetazini, jiska lane 50 yo, eksizyon te konn pratike pou trete maladi tankou epilepsi, twoub mantal, isteri. Yo te konn pratike li tou sou moun ki te omoseksyèl yo ak sila ki te konn mastibe.
Gen plizyè rezon pratikan eksizyon yo rale pou kapab jistifye pratik la tankou, selon yo menm, lè ou fè yon eksizyon sou yon tifi sa kalme libido li, anpeche l gen twòp anvi sou gason épi antre nan fè bagay avan li marye. Sa ap anpeche li fè adiltè, kidonk lonè mari li ak fanmi li ap toujou rete entak.
Ak pratik sa, yo mete yon kontwòl sou seksyalite fanm nan épi kenbe dominasyon gason an. Gen gason ki konn refize marye ak yon fi paske li pa eksize sou pretèks li pap ka kontwole seksyalite madanm li e fi sa kapab enfidel.
Yo fè l tou akoz relijyon. Menm si pa gen yon tèks biblik ki mande pou fè l, anpil pèp jistifye pratik sa ak kwayans relijye.
Nan kèk kominote, pratike eksizyon an pèmèt sitwayen yo kenbe tradisyon épi pwoteje yon identité kiltirèl. Yo asosye l pafwa ak yon rityèl pasaj soti nan adolasans pou rantre nan laj granmoun.
Lòt rezon, gen pèp ki ta kwè eksizyon an ogmante chans yon fanm genyen pou l fè pitit, li ta rann li pi fètil, pi bèl, epi pèmèt yo gen pi bon ijyèn.
Yo te estime klitoris la se yon ògan ki lèd, initil, nwizib epi danje. Paske gen kèk tribi ki te kwè klitoris la ka blese gason an pandan rapò seksyèl la oubyen touye timoun nan lè lap fèt.
Gen plis pase 200 milyon fanm ki eksize nan mond lan. Anpil òganizasyon féminis ap batay kont pratik sa ki danjere anpil pou santé fanm ak tifi ki sibi pratik sa. Gen fi ki konn mouri nan enfeksyon oubyen emoraji apre yo finn eksize yo. Gen sa tou ki wont kò yo, yo pa jwenn plezi oubyen yo gen gwo doulè nan rapò seksyèl yo, pandan yo gen règ yo. Konn gen konplikasyon lè pou yo akouche, san nou pa bliye doulè moral yo.
Eksizyon an se yon vyolasyon dwa moun e pou kounya, pratik sa entèdi nan plizyè peyi, sitou nan kontinan afriken an kote yo pratike sa plis. Men kwayans se sa ki bon ankre moun yo menm si gen anpil fòmasyon ak sansibilizasyon k ap fèt pou chanje mantalite pèp yo sou pratik sila.