Yon lòt paj nan istwa Karim Benzema aprè adye li ak Real Madrid

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
yon lòt paj nan istwa karim benzema aprè adye li ak real madrid

Aprè yon tan nan Lyon, Karim Benzema pase 14 lane ak Merengue yo kote li pran tout tit posib yo. Jodi madi a, Fransè a fè dènye adye li ak tout ekip la avan li rejwenn Arabi Sawoudit pou al pote koulè Al-Ittihad. Balon dò 2022 a sòti ak fyète epi akonplisman yon rèv timoun. Yon rèv ki reyalize nan tout entegralite li, malgre jwè a te vle mete fen nan karyè li nan Real Madrid.

“Youn nan foutbolè ki pi enkwayab nan istwa nou ki prale”, se sou fraz sa Florentino Perez salye depa Benzema aprè 14 sezon ak Casablanca yo. Ak 35 lane, dènyè manm BBC a (Bale-Benzema-Cristiano) kite ekip Real Madrid la. Jodi madi a, se te dènye konferans pou laprès jwè a pou l remèsye epi fè adye li ak tout ekip la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ak anpil emosyon, Benzema te pran pawòl nan mikro laprès : “Se te yon bèl chemen nan vi m, m p ap janm bliye jou Florentino Perez te vin kote paran m. M te gen 21 lane, se te an 2009. Nan tèt mwen, se te moun ki te siyen Zidane ak Ronaldo a. Jodi a, sa ki pi enpòtan, tout sa m genyen nan Real Madrid, m reyalize yo epi pwofite tankou yon timoun”.

Atakan fransè a te kontinye pou l di : “Se yon jou tris pou m kite klèb mwen an. Lè m te siyen isit la, m te anvi pran retrèt mwen isi a. Sa pa pase janm te swete l la. M p ap sispann yon fanatik Real Madrid. M p ap janm bliye Real Madrid non plis, se meyè klèb nan istwa jwèt la.”

Yon lòt bò, prezidan klèb la, Florentino Perez te bay yon dènye omaj ak Karim Benzema. “Ou antre nan istwa Real Madrid kòm youn nan gran yo. Pa gen okenn jwè ki genyen plis pase w nan klèb la. Depi lè ou anonse ou prale a, m wè fanatik klèb la tris. Ou se youn nan foutbolè ki pi enkwayab nan istwa klèb la”, souliye prezidan an.

Aprè 14 lane ak Real Madrid, Benzema gen yon palmarès san parèy, kote li pran 5 Lig dè Chanpyon, 4 Liga, 3 Copa del Rey, yon Balon dò epi make 353 gòl, san bliye anpil lòt tit ankò. Ansyen jwè Lyon an make istwa Merengue yo. Li prè pou yon lòt avanti nan Pro League la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive