Yon masak fè plizyè mò nan Bonrepo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon masak fè plizyè mò nan bonrepo

Se 4 moun pou pi piti ki pèdi lavi yo ayè aprèmidi nan yon fiziyad nan zòn Bon repo, komin Kwadèboukè. Divès nèg ak zam debake epi louvri kout zam sou plizyè jèn gason.

Nan lokalite Rosembert, se rèl ki genyen depi ayè jedi premye jen an. Dram sila kite yon move gou nan bouch popilasyon an koz jiskaprezan rezon atak la pa defini e otè zak yo ale kè pòpòz.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Divès ekstrè ki pibliye sou rezo sosyal yo, epi k ap sikile sou mesajri enstantane Telegram ak Whatsapp, montre plizyè jèn gason kouche fas ba nan san yo, aprè yo fin tonbe anba bal nèg ak zam yo pa rive idantifye.

Anndan nan Rosembert, Kadav yo blayi atè arebò yon ravin. Plizyè moun ki sou plas, pami yo pwòch viktim yo, ap kriye, daprè sa n konstate nan yon ekstrè videyo sila ki vin jwenn nou.

N ap raple, Bonrepo te deja resanse yon premye fiziyad 14 me pase a, nan zòn Bò Sab kote yon dizèn moun te jwenn lanmò yo aprè yon machin te pase epi louvri kout zam sou yo. Jiskaprezan okenn limyè pa fèt sou dosye sila, vin mete sou sa, yon lòt fiziyad fèt ayè aprè midi nan menm zòn lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.